Oraciones Libro Rojo - Creole
Pandan yon bon bout tan, anvan menm Konsil Vatikan II, nou te konn itilize yon liv lapriyè pou lapriyè maten nou yo. Jounen jodi a, tout Senak yo fè lapriyè pèp Bondye a. Lapriyè sa yo, gen ladan yo ki la depi nan kòmansman Kominote a, te konpile nan yon liv ki te plibliye nan lane 1965. Senak Jeneral la te otorize itilizasyon liv sa a depi nan lane 1961 e li te vin apwouve nan Konsèy Jeneral an 1964.
Men kèk nan priyè sa yo, ki pou plizyè okazyon, ki kapab itil nou nan lapriyè pèsonèl nou oubyen nan lapriyè kominotè.
Lapriyè Maten
Granmèt O, men nou nan prezans ou. Nou konnen ou wè nou, ou tande nou, e ou konnen panse nou ak sa nou vle e ou konnen santiman ki kache nan fon kè nou. Nou konnen ou tande nou e ou toujou la pou koute lapriyè nou. Fè nou gras pou n toujou ofri ou yo ak anpil devosyon, konsa n’ap ka konte sou bonte ak mizèrikòd ou.
Granmèt O, ou fè nou byen reveye nan kòmansman jounen sa a, pwoteje nou anba lagras ou pou n pa tonbe nan peche pandan jounen an. Pèmèt pandan jounen sa a nou rive konnen w, renmen w epi sèvi w pi plis; nan mizèrikòd ou pèmèt pwisans ou gide panse nou, pawòl nou ak aksyon nou yo pou nou kapab rive fè volonte w. Amèn.
Pou Senak Misyonè a
O bondye Papa a, Pitit la ak Lespri Sen an, tanpri asepte beni Senak Misyonè Fanmi w lan. Pèmèt tout sila yo ki anban reskonsabilite nou pa janm pèdi lagras ou, ni pa janm pèdi lafwa, men pito pou yo menm ansanm avèk nou rive jwi kè kontan lavi ki p’ap janm fini an.
O bondye Papa a, Pitit la ak Lespri Sen an, beni pitit ou yo; sove yo kont tout sa ki ka mete nanm yo ak kò yo an danje; beni Senak Misyonè nou yo, lekòl nou yo, novisya nou yo, sanntyè nou yo, pelerinaj nou yo, magazin nou yo, kanpay nou yo, retrèt ak sant katechis nou yo, ak travay n’ap reyalize yo.
Priyè pou tout malad nou yo
Bondye Granmèt, ou menm ki plen pouvwa pou toutan, ou menm ki se delivrans sila yo ki kwè, tande vwa nou nan non malad nou yo, n’ap mande w pou gen pitye pou yo, pou yo kapab rejwenn lasante, konsa yo va di w mèsi nan Legliz ou a nan non Jezikri pitit ou Granmèt nou.
Annou lapriyè pou vokasyon ak pou reyisit inisyativ Senak Misyonè a
Bondye O, ou menm ki vle pou tout moun sove e pou yo rive konnen verite a, n’ap mande w tanpri voye travayè pou rekòt ou a e pèmèt yo pale pawòl ou a avèk konfyans; konsa, pawòl ou a va gaye toupatou, tout moun va konprann li e tout moun va konnen w, ou menm ki se sèl Bondye ak sila ou voye a, Jezikri, Pitit ou, Granmèt nou, li menm k’ap viv e k’ap kòmande ansanm avèk ou pou toutan gen tan. Amèn.
Lapriyè pou byenfetè nou yo
Granmèt O, n’ap mande w nan bonte w pou rekonpanse sila yo ki fè nou byen nan non w nan ba yo lavi ki p’ap fini an. Amèn.
Pou lapè, inite ak renmen nan mitan nou
Lasent Vyèj Senak la, Manman nou, ou menm ki san tach, nou fè nou tou piti pou n mande w ede nou jwenn kado Lespri Sen yo, pou n kapab viv nan renmen e pou n pèsevere nan tèt ansanm ak nan lapriyè anba direksyon ak lansèyman w, pou n fè lwanj pou Bondye, ak pou n travay nan pawòl tankou nan aksyon, pou delivrans nanm lòt yo, pou yo kapab merite antre nan lavi ki p’ap janm fini an.
Fè nou gras, rete tou pre nou, manman Senak nou an, nan moman nesesite nou ye la. E nan pouvwa w pote nou sekou, lapriyè pou nou pou Bondye ki gen tout pouvwa bannou favè n’ap mande l nan lapriyè sa a. Amèn.
Priyè a Sen Jozèf
O Sen Jozèf, ou menm ki nan prezans Bondye, ou menm ki fidèl disip Jezikri, nou leve kè nou ak men nou ba ou pou n sipliye pouvwa w pou entèsede pou nou jwenn nan bon kè Jezi a tout sekou ak lagras ki nesesè pou byenèt espirityèl ak materyèl nou: espesyalman lagras pou n byen mouri ak favè n’ap mande w kounya…….
Ou menm ki se gadyen Pawòl ki tounen moun nan, nou santi nou gen anpil konfyans paske lapriyè ou fè pou nou yo ap rive devan twonn Bondye a.